Saturday, March 29, 2014


Jodi 29 mas la fè Konstitisyon 1987 la 27 lanne depi pèp ayisyen te pran lari pa pil ak pa pakèt pou al vote manman lwa peyi a. 

Nan tout listwa konstitisyon peyi a, se premye konstitisyon ki deklare nan atik 5 li Ayiti gen 2 lang ofisyèl : Kreyòl ak Franse. Men, pa gen ankenn kote li di kiyès ki premye ak kiyès ki dezyèm. Sa vle di toulède gen menm valè.

M ap raple nou sòti 1801 rive 1987, peyi d Ayiti pase 24 konstitisyon deja.  Nan 23 konstitisyon sa yo, ki fèt sou yon peryòd 106 lanne, se yon sèl ki di Kreyòl la se yon lang ofisyèl menm jan ak Franse.

Men sa ki ekri nan atik 5 lan : ‘’Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang Kreyòl. Kreyòl ak Franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti’’.

Konstitisyon ki te vini anvan l lan, se te sa 1983 a. Konsènan lang Kreyòl la, li te di ‘’Kreyòl la se lang nasyonal. Franse lang ofisyèl’’.

An nou gade sa ‘’Lang Ofisyèl’’ vle di nan yon peyi pou n wè jounen jodia si koze Kreyòl lang ofisyèl la, jan l ekri aklè nan Konstitisyon 1987 la, ateri vre de pye atè. 

Yon lang ofisyèl vle di se nan lang sa a tout papye, diskou oswa nenpòt sa Leta ap pibliye (Kominike pou Laprès, Dokiman, Lwa nan Palman an, preskipsyon nan Lopital elatriye) dwe fèt. Nan ka peyi d Ayiti, yo dwe fèt alafwa an Kreyòl ak Franse ki se 2 lang ofisyèl nou genyen.

Se nan lang sa yo dwe anseye moun nan Lekòl ak Linivèsite. Se ladan l pou devwa fèt, prezante memwa sòti elatriye.

Lang ofisyèl vle di tou lè Leta oswa antrepriz prive ayisyen ap anplwaye yon sitwayen Ayisyen, si l pale yonn nan 2 lang sa yo epi li gen konpetans teknik pou djòb la, li dwe jwenn li san paspouki, san eksklizyon ki chita sou lang, amwenske pral gen obligasyon pou l kominike ak gwo chèf etranje ki pa pale lang Kreyòl la, nan ka yon antrepriz prive, pa egzanp.

Anplis tou, nan nenpòt biwo Leta yon sitwayen ale, li ka pale ak nenpòt anplwaye nan yonn nan 2 lang sa yo san l pa bezwen wont, si peyi a gen 2 lang ofisyèl menm jan ak ka Ayiti a.

Lang ofisyèl vle di tou kèlkilanswa pwodui ki fèt sou teritwa peyi a, enstriksyon yo dwe bay nan lang ofisyèl pou tout moun ki konn li ka konprann san grate tèt. Pa egzanp, si mwen achte yon medikaman oswa nenpòt lòt pwodui ki fèt ann Ayiti, mwen dwe jwenn enfòmasyon yo an Kreyòl ak an Franse. Se pa yonn oswa lòt non men toulè de.

Nou dwe rekonèt tou lang Franse a pi entènasyonal, pi komèsyal pase Kreyòl la. Sa vle di yo pale l plis kote epi nan gwo peyi devlope. Nan sans sa a, gen yon seri de pòs nan Leta oswa prive kote anplwaye sa a ka rive nan anpil sitiyasyon li dwe pran lapawòl an Franse, enben, li dwe pale 2 lang peyi a.

Mwen gen enpresyon nan ‘’subconscient’’ chak ayisyen – mwen ladan l tou wi – depi yon moun se Kreyòl sèlman li pale sa vle di li sòt. Se sa k fè, san w pa remake sa, depi w bezwen fè konnen ou se moun oswa ou gen lespri, ou monte chwal Franse w, oswa milèt Angle w.

Zafè Kreyòl lang ofisyèl la, se nan konstitisyon an li rete depi 87. Li pa janm pran lari vre.  Si gen gwo pwogrè ki fèt apre 86, nan fè anpil moun ki te konn estomake lè Kreyol pale devan yo, akspete jodia pale ak ekri Kreyòl, lang lan toujou rete yon lang pa pòt kay, lang anba galri men li poko chita nan salon alevwa pou chanm. 

Akoz lang sa a, majorite moun nan peyi a ki pale l sèlman nan kanpe lwen. Kreyòl se yon lang pou malere pye blanch, 2 bra balan. Yon lang moun afè pa bon. Yon lang moun sòt.  Sa pral pran anpil tan pou rive wete vye limaj sa yo nan tèt anpil nan nou.

Se vre, depi apre 86, Preyidan yo fè kèk diskou an Kreyòl kounye a. Preyidan Aristid se yonn nan yo ki te pouse lang nan anpil. Ansyen Pè Sen Jan Bosko a konn kouman pou l satiyèt bò kòt mo yo pou jwenn fraz pase plim poul nan zòrèy. Nou sonje gwo bwa Kreyòl misye sou tribin Nasyon Zini jou ki te 23 septanm 1991. Se te premye fwa, Kreyòl te pale nan mikwo sa a.

Menm si jodia, nan majorite radyo, Kreyòl se lang prensipal men li prèske enposib (pou m pa di enposib nèt) pou yon moun jwenn yon djòb serye nan peyi sa a si se Kreyòl sèlman ou konn pale. Sa k di a, sèke menm si nan djòb sa a se ak ayisyen parèy ou sèlman w ap gen pou kominike.

Tandans lan jodia se Angle. Tout bon djòb isi ki ka peye w lajan ki gen nen nan figi yo, yo mande w ou dwe pale Angle. Eske nan lanne ki pral vini la yo se pap Angle ki pral lang eksklizyon an? Ann suiv.

Anplis, nan kesyon ekri lang nan, ou ka konte sou dwèt konbyen fwa gouvènman ayisyen pibliye yon dokiman ofisyèl an Kreyòl sèlman. Pandanstan tout Kominike, envitasyon bay Laprès, nominasyon Minis, rapò nan ministè yo, Diplòm lekòl ak Linivèsite, kontra travay, plak machin, lisans elatriye se an Franse yo ye sèlman. Kouman pou fè di Kreyòl se lang ofisyèl la a?

Sou zafè ekri Kreyòl, gen anpil pwogrè ki fèt tou, sitou sou Rezo Sosyal yo kote anpil moun, sitou jèn, ap fè jefò pou ekri lang nan malgre òtograf yo pa kòdjòm ditou. Sa ki montre nou gen bon kou wout ki rete pou tout moun metrize òtograf Kreyòl la. Pafwa lè w tonbe sou yon tèks ofisyèl ki sòti swa nan Ministè, Palè Nasyonal oswa Primati, li chaje fot òtograf ak semantik alòske Fakilte Lengwistik Aplike chaje diplome ki metrize lang k ap grate santi deyò a. 

Anpil ayisyen k ap ekri Kreyòl sou Rezo sosyo yo pa pete bay pyès moun santi pou ekri nenpòt kijan. Si w di yo men bon òtograf la, yo di w Kreyòl pa lang oswa nenpòt lòt fraz malatchong pou montre w yo ka ekri jan yo vle yon lang ki gen gramè ak òtograf li. Men, lè se franse oswa angle y ap ekri, yo pran anpil prekosyon pou pa fè fot.

An palan de Rezo sosyal, anpil nan ofisyèl peyi a, pami yo Preyidan ak Premye Minis la, se pafwa ou ka jwenn yon pòs sou Facebook oswa yon Tweet sou Twitter ki an Kreyòl sou paj yo. Se swa li an Franse oswa ann Angle. Kouman pou fè di Kreyòl se lang ofisyèl la a?

Akademi Lang Kreyòl la

Apre Palman ayisyen an te fin vote lwa ki kreye ‘’Akademi Lang Kreyòl la’’ jou ki 2 jiyè 2013, li trennen, pase tribilasyon, fè monte desann anba men Preyidan Martelly ki te mande pou yo te tradui l an Franse anvan l resevwa l. Sou gouvènman Preyidan an, gen anpil dokiman ofisyèl k ap sòti nan Palè Nasyonal ki sèlman an Franse. Joukaprezan, lwa sa a poko pibliye nan jounal ofisyèl peyi a ki se ‘’Le Moniteur’’. Ala desalmanaza papa.

Klike pou li tèks lwa sou Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen 

Men, kesyon m ap poze tèt mwen : kisa yon Akademi Lang Kreyòl pral pote nan batay pou fè lang sa pran dwa granmoun li menm jan ak Franse oswa menm Angle k ap vale teren nan peyi a ? Kilè n ap rive vreman fè lang Kreyòl la tounen yon lang ofisyèl tout bon vre ? Si manman lwa peyi a bay yon lòd pyès moun pa respekte, èske Akademi an ka fè miyò pase sa? Ann espere l ap kapab.

Nou konnen kesyon eksklizyon ki chita sou lang makonnen ak listwa kolonyal nou.  Zansèt nou yo te rive pote laviktwa sou batay ak zam sou kolon, men kolon yo demantibile nou nan batay asimilasyon. Li fè nou wont sa nou ye depi ti konmkonm t ap goumen ak berejèn e jouk kounye a nou pa rive wete chenn sa a nan sèvo nou. Anpil timoun pran tap cho sou do men, fè peze zòrèy yo akoz yo pale Kreyòl lakay yo. Eske lè lwa sa a fin piblible, lang Kreyòl la pap kontinye pran bon tabòk marasa nan men Franse? 

Eske moun serye, moun zuzu, djòl pwenti, gran jipon, moun diplòm, moun anpil machin dèyè nòs yo pral finalman aksepte nan tete lang ak lang Kreyòl la? Ann tann.


djecee
Suiv mwen sou Instagram ak Twitter: @djecee




No comments:

Post a Comment